Depi byen lontan ekonomis yo kèklkeswa kouran an, pa rive antann yo sou yon definisyon ofisyèl e jeneral pou ekonomi an. Chak moun nan konpreyansyon pa yo toutpandan ke yo itilize eleman prensipal sa yo ki se bezwen ilimite, resous limite, rate pou bay yon definisyon pwòp a yo menm. Sepandan etimolojikman Ekonomi soti e fòme de 2 mo grek ki se...
; oikos ki vle di menaj ak nomos ki vle di prensip ou règ. Nan vre sans mo oikosnomos la li siyifi règ konduit menaj yo nan itilizasyon resous ki disponib yo. Men gen anpil lot definisyon de tèm sila a, nou kapab pran pa egzanp definisyon Edmond Malinvaud ki di : «Ekonomi se syans ki etidye kijan resous ra yo itilize pou satisfè bezwen lèzòm nan sosyete an. Li enterese sou operasyon sa yo ki se : Pwodiksyon, distribisyon, ak konsomasyon byen ak sèvis nan sisyete an »[1]. Yon definisyon konsa vas anpil e li pèmèt kouvri yon pakè aktivite imen ki fè entèveni chwa ekonmik ou politik nan desizyon ajan yo. Antanke yon syans sosyal, definisyon yo anpil e kontradiktwa men sa ki esansyèl sèke gen de konsèp ki vreman enpotan nan tout definisyon. Nan sans sa a nou wè ke ekonomi an enterese nan aktivite lèzòm ap fè sou tout tè a.Depi nan komansman mond lan lèzòm te itilize plizyè mwayen
pou pèmèt yo satisfè bezwen ke yo te genyen nan itilize resous ki disponib nan
lanati yo. Tout pandan epòk primitif la fòmil ke yo te itilize yo te esansyèlman
endividyalis, kote chak moun ap chèche pa li menm eleman nesesè pou reponn a
bezwen sa yo ki ilimite pandan ke resous yo limite pou pran swen fanmiy li. Lefèke
yon moun pa posede tout byen ou sèvis yo, egalman pou peyi yo echanj te vin
koumanse parèt nan moman sila. Apre yon vag evolisyon vin pwodui kote moun yo
kòmanse pratike e evolye nan plizyè domèn tanjou tayè, boulanje, komèsan eks.. Sepandan
echanj byen ak sèvis yo pandan moman sa yo pat fèt sou baz monetè se te sistèm Twòk
sètadi echanj nan epòk sila a te konn fèt pa mwayen yon lòt byen ou sèvis, pa
Egzanp : Si ou gen diri epi ou bezwen
pwa ebyen map ba ou pwa epi wap bay mwen diri an. Se te fason sa a moun yo
te itilize pou fè echanj yo.
Sibdivizyon
Ekonomi
Ekonomi an lefètke ke se yon domèn ki vas anpil ebyen yo
divize li an 2 gran kategori ou pati.
Premyèman, Mikwoekonomi ki etidye konpòtman endividyèl
ajan ekonomik yo kòm an patikilye konsomatè, pwodiktè, antrepriz, menaj
toutpandan li aksyantye l sou analiz enteraktif ki egziste antre yo.
Mikwoekonomi an etidye fason ke pri byen ak sèvis yo fòme e poze yon pakèt
teyori sou fason fason ajan yo itilize rasyonalite nan priz de desizyon yo.
Dezyèmman Makwoekonomi ki etidye ekonomi an nan nivo
global toutpandan li ap kesyone sou relasyon ki egziste ant gran agrega yo e
fenomèn ki dekoule de yo tankou Enflasyon, Chomaj, To Echanj, Ekilib ekonomik,
Envestisman global, Dèt piblik ekstera. Makwoekonomi an pa enterese spesifikman
a desizyon yon menaj ou yonantrepriz ap pran men li pran pito kalkil global la
aksyantye sou eta ekonomi an nan yon peyii ak tout konpozant li. Li poze kesyon
sou : Kisa k fè gen chomaj ? Poukisa pri pwodwi yo ap ogmante ?
Lwa
Fondamantal Ekonomi an
Kòm tout syans, ekonomi an pa bò kote pal gen yon lwa ki
reji fonksyònman ajan yo nan fason ke yo pran desizyon e pou fè chwa estratejik
ki nan avantaj yo. Nan sans sa a, ekonomi an gen yon lwa fondamantal ki
se : Lwa Òf ak Demand e li reprezante prensipalman modèl ekonomi
mache a e ki repoze sou ekilib ant kantite byen ou sèvis ki ofri e sou demand ki
fèt pou eleman sa yo. Korelasyon sila a ant kantite ki ofri e kantite ke ajan
ekonomik yo mande sou mache a pral detèmine pri byen ou sèvis sila a ap koute.
Pa egzanp si pri yon byen ou sèvis ogmante Ceteris Paribus demand lan ap
diminye e vise-vèsa.
Kouran
Panse nan Ekonomi an
Ekonomi
an se yon syans ki konnen anpil divèjans ide
ak panse depi nesans li pa anpil otè. Nap raple gen plizyè kouran panse ki travèse
sou syans lan. Se sak fè nap konsidere plizyè moman.
Panse
Ekonomik avan Adams Smith (Av 1776):
1.
Kouran
Mèkantilis : Selon kouran sila richès yon peyi ap fèt pa akimilsayon
meto presye yo tankou lò, Dyaman eksetera. Pami otè yo nou kapab pran : Jean BODIN (1530-1596), Antoine de MONTCHRESTIEN
(1575-1621) ou Jean Baptiste COLBERT (1619-1683)
2.
Kouran Fizyokrat : Kouran sila a pwone latè kòm prensipal resous kap
pèmèt pwogrè e devlopman naan yon peyi. Pami Pyone kouran sila nou kapab pran:
François QUESNAY (1694-1174) Anne Robert Jacques TURGOT (1727–1781).
Panse
Ekonomik Apre Adams Smith
Kouran Klasik:
Kouran Klasik la preconize non entèvansyon leta an ekonomi an, e se lwa Of ak
Demand kap fè sikile mache a e yo sitou aksyantye sou sistèm kapitalis la. Pami
yo nou kapab pran: Adams Smith (1723-1790), David Ricardo (1772-1823), Thomas
Malthus (1766-1834).
Kouran Maksis:
Kouran sa a te prezante an gwo e an laj kritik sou sistèm kapitalis la, pou yo
menm yo plis baze sou ekonomi sosyalis la an pati e yo pou bese to pwofi yo. Kouran
sa a te sitou make pa Carl Marx (1818-1883)
Kouran
Neyo-Klasik ou Majinalis: Kouran
sa a te pwone prensip de rasyonalite e rezònman majinalis nan lide pou ajan
ekonomik yo kapab rive a satisfaksyon optimum bezwen yo. Pami
figi ki make kouran sila nou kapab pran: Stanley Jevons ( 1835-1882), Léon
Walras (1834-1910), Carl Menger ( 1840-1921)
Kouran Kenezyen:
Kouran sila a preconize entèvansyon modere leta nan ekonomi an sitou nan moman
kote leta nan gwo difikilte tankou defisi bidjetè, e/ou komèsyal. Men
entèvansyon leta yo dwe kontwole. Kouran
sa a te sitou make pa Jhon M. Keynes (1883-1946)
Kouran
Monetaris: Kouran sa vin parèt
nan fen ane 1960 yo, e patizan yo te sitou aksyante sou kesyon monetè nan
ekonomi an. Pou ro menm volim monè an sikilasyon an dwe sifizan ( Pa plis pa
mwens) pou finance aktivite ekonomik yo. Pami figi ki make peryòd
sa a nou kapab pran Milton Friedman.
Sistèm Ekonomik:
Yon
sistèm ekonomik ilistre fason òganizasyon sosyeta ekonmik yon peyi ye an matyè
de pwoduiksyon, distribisyon ou konsomasyonbyen ak sèvis yo e sistèm ekonomik
yo enfliyanse lavi moun oun yo nan sosyete a. Jeneralman jounnen jodia nou
konte 3 gran sistèm de baz:
Sistèm Kapitalis:
Ki prekonize lib konkirans, pwopriyete prive mwayen pwoduiksyon yo kote leta
kite fonksyònman prèske total mache an nan men ajan ekonomik yo . Egz: Ayiti,
Repiblik Dominikèn.
Sistèm Sosyalis
: Ki prekonize pwopriyete kolektif, nan sistèm sa a leta prèske nan sant tout
aktivite ekonomik yo. Egz: Kiba
Sistèm Miks: Se prèske 50% de chak sistèm sa yo
(kapitalis e sosyalis) oubyen yon sistèm ekonomik kote sektè prive ak sektè
piblik la koreziste an pati egal. Leta toutpandan li kite ajan ekonomik yo yon
jan lib men li mete anpil estrikti ki ap pèmèt bon jan rezilta pou tout ajan
yo. Egz : Allemagne
Romel Bito FENELUS
Etidyan Ekonomi Inivèsite Notre Dame (Port-au-Prince)
Bousye HELP